Accessibility links

Breaking News

PNH Mete Anba Kòd Clovis Cadet, Founisè Zam ak Minisyon Gang "400 Mawozo"


Clovis Cadet, Membre actif du gang des "400 Mawozo"
Clovis Cadet, Membre actif du gang des "400 Mawozo"

Clovis Cadet se manm aktif nan gang "400 Mawozo" ak founisè zam ak minisyon pou òganizasyon kriminèl sa a, li te jwenn aretestasyon'l apre yon operasyon lapolis nan Nippes te mennen ansanm ak lajistis, samdi 14 me 2022 a.

Envestigatè nan Biwo Afè Finansye ak Ekonomik (BAFE), ki se yon antite nan DCPJ, te ap chèche misye pou plizyè akizasyon tankou asosyasyon kriminèl, blanchiman lajan ak trafik ilegal zam ak minisyon pou benefis menm gang sa a.

DCPJ te deja arete Clovis Cadet an Jiyè 2017, nan Port de Paix, paske li te gen an posesyon li yon zam afe ilegal. Otorite yo pral transfere l nan Direksyon Santral la Polis Jidisyè (DCPJ) pou kontinyasyon pwosesis la.

XS
SM
MD
LG