Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 38 Moun Gang te Kidnape Jwenn Liberasyon yo


Yon polisye fe patwouy nan lari pandan yon operasyon anti-gang nan Croix-des-Missions, o no Potoprens, Ayiti, 28 Avril 2022.
Yon polisye fe patwouy nan lari pandan yon operasyon anti-gang nan Croix-des-Missions, o no Potoprens, Ayiti, 28 Avril 2022.

38 sitwayen gang te kidnape vandredi nan Pòtoprens, pandan yo tap vwayaje nan 2 minibis pou pran direksyon sid peyi a, jwenn liberasyon yo Samdi, dapre sa yon sendika nan transpò piblik la te anonse.

"Asosyasyon Pwopriyetè ak Chofè yo an Ayiti(APCH) te ekri sou Twitter: "Pasajè yo ke gang te kidnape te jwenn liberasyon yo epi nou te rekipre 2 bis yo 11 jen an.

APCH a pa presize si kidnapè yo te mande yon ranson pou yo te lage moun yo.

Gang ki soti nan Village de Dieu te te kidnape 36 pasaje yo ak 2 chofè yo Vandredi maten.

Depi 1ye jen 2021, otorite yo pèdi kontwòl wout sa a ki se pratikman sel aksè pou kapital la ak mwatye sid peyi a, sou yon espas 2 kilomèt. Dapre AFP wout nasyonal la anba kontwòl gang ame yo.

Prezidan APCH la, Méhu Changeux deklare bay AFP nan Vandredi ke òganizasyon li a "toujou mande chofè yo pa itilize wout sa a jiskaske leta retabli sekirite sou wout la".

Pandan mwa me a, L'ONU te anrejistre omwen 200 la kidnaping ann Ayiti, sitou nan kapital peyi a Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG