Accessibility links

Breaking News

Cherfilus-McCormick: 'Si Ayisyen Pa ka Mete Tèt yo Ansanm... Si pa Genyen yon Prezidan... Stabilite, Ayiti Pa p Wè Yon Dola nan Kòb la'


Depite Sheila Cherfilus McCormick di Asistans Etazini pou Ayiti Gen Kondisyon Ladann
please wait

No media source currently available

0:00 0:16:33 0:00

Depite Sheila Cherfilus McCormick di Asistans Etazini pou Ayiti Gen Kondisyon Ladann

Nan yon entèvyou esklizif Depite Ayisyano-Amerikèn Sheila Cherfilus-McCormick bay VOA Kreyòl nan vil Los Angeles, li di pwomès asistans Etazini fè pandan Somè Dèz Amerik la mache ak kèk kondisyon. Depite Demokrat la, ki reprezante Eta Florid nan Kongrè Etazini, di VOA Kreyòl:

"Si Ayitsyen pa ka mete tèt yo ansanm, si Ayiti pa ka genyen yon prezidan, si Ayiti pa ka gen stabilite, Ayiti pa p wè yon dola nan kòb la."

Se Kongrè Ameriken an ki debouse lajan pou finanse pwogram administrasyon an anvizaje nan divès domèn -pami yo genyen asistans etranje. Etazini rezève $1 milya 900 milyon asistans pou sektè prive a nan Karayib la. Depite a ajoute:

"Nou pa ka kite tout lajan sa a antre nan Karayib la epi pou Ayiti pa gen yon chans pou l jwenn kòb la pou nou ka gen yon pi bon Ayiti."

Premye Minis Ayisyen Ariel Henry, mache sou tapi wouj la anvan seremoni ouveti Some Dez Amerik la, Mekredi, 8 Jyen 2022, nan Los Angeles.
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry, mache sou tapi wouj la anvan seremoni ouveti Some Dez Amerik la, Mekredi, 8 Jyen 2022, nan Los Angeles.

Rankont ak PM Ariel Henry

Depite Cherfilus-McCormick fè nou konnen tou li te rankontre ak Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pandan somè a kote yo te abòde ensekirite a ki bay gwo kèsote. Palmantè a di:

"Pi gwo pwoblèm nan se kesyon pou konnen èske li (P.M. Ariel Henry) pral chita avèk moun yo, sosyete sivil la, tout moun nan lòt sektè kominote a pou wè kijan yo ka mete tèt yo ansanm pou ka gen yon gouvènman tranzisyon."

Pi lwen, konsènan rankont ak P.M. Henry a, Madan Cherfilus-McCormick deklare.

"Nou di li sa k ap pase kounyea pa ka kontinye ankò." Depite a dekri chita pale li avèk Henry kòm yon "bon konvèsasyon." Daprè li, li enpòtan pou l diferan sektè yo gen yon konvesasyon fas-a-fas ak Premye Minis la; e li jwenn pwomès sa a nan men lidè ayisyen an "ki di li va fè chitapale sa a."

Depite a ensiste pou l di se sa ki reprezante yon vrè demokrasi - lè moun tout sektè ka mete tèt yo ansanm. Li deklare:

"Ou konnen, nan yon vrè demokrasi, se sa ki fèt. Nou chita, nou pale epi nou di O.K. (chak moun bay opinyon yo) epi nou travay ansanm."

Ensekirite

Pou sa ki konsène dosye ensekirite a, Depite Cherfilus-McCormick di li te diskite sou sa pandan rankont li ak Premye Minis Henry. Li di VOAKreyòl Premye Minis la mande plis kòb pou l jere kriz la. Sepandan, palmantè a fè remake Etazini deja bay Ayiti $15 milyon pou l fè fas ak ensekirite a. Madam Cherfilus-McCarmick di nou:

"Alos, mwen mande l ki kote kòb sa a pase? Si w ap mande nou plis kòb, mwen bezwen konnen ki kote kòb sa a prale... Kiyès ki pral resevwa lajan sa a epi eske n ap wè vre chanjman? Paske, mwen poko janm wè yon rapò ki di ki chanjan pozitif ki fèt. Chak jou k ap pase, bagay yo ap vin pi mal."

Depite Cherfilus-McCormick di petèt ke Ariel Henry pa gen kapasite pou l jere ensekirite a. Li deklare:

"Nou pa ka kontinye dekese lajan avèk yon moun nan yon peyi kote pa ka gen chanjman."

Foto Achiv: Otorite Ayisyen poze pou yon foto devan potre defen Prezidan Jovnel Moise nan Potoprens.
Foto Achiv: Otorite Ayisyen poze pou yon foto devan potre defen Prezidan Jovnel Moise nan Potoprens.

Dosye Asasina Jovenel Moise

Sou dosye asasina Prezidan Jovenel Moise la, Depite Chefilus-McCormick di VOAKreyol "nou bezwen konnen verite a". Men li di pandan y ap eseye detèmine sa k te pase 7 Jiyè 2021, fòk yo chache wè kijan yo ka "jere tout peyi a."

"Paske nou pa ka gen yon peyi kote tout moun pè." Li ajoute ke gang yo kontwole 50% Pòtoprens. Gen plis pase 20 mil moun ki oblije kouri kite kay yo akòz zak vyolans gang yo ap komèt. Li ajoute:

"Nou pa ka chita ap pale, pale tou senpleman. Fòk gen aksyon! Lè a rive pou gen aksyon. N ap soufri twòp."

Dapre Cherfilus-McCormik, li klè ke lè a rive kounyela a pou lespri tèt ansanm nan... nou pa ka tann yon lòt jou."

Avni Ayiti

Depite Cherfilus-McCormick, ki se sèl manm Kongrè Etazini aktyèl la ki gen orijin ayisyèn, di VOA Kreyòl li gen anpil espwa pou Ayiti. Dapre li, si Ayisyen yo rive rezoud pwoblèm li site deja yo epi kreye yon bon klima pou envestisman antre nan peyi a, "sa ka chanje lavi tout moun ann Ayiti. Sa ka pèmèt bon jan lajan antre nan peyi a, moun ap gen kòb vrèman, ap gen travay vrèman."

Pou depite a, si Ayisyen ka konprann kijan tout moun ka benefisye si pwoblèm peyi a regle, moun ap pi motive pou yo pote kole ak jefò sa a. Palmantè Chefilus-McCormick fini pa di:

"Mwen ta renmen wè Ayiti kanpe, m ta vle wè Ayiti vin pi konpetitif; e lè n ap pale de envestisman, lè n ap pale de envestisman nan petwòl, envestisman nan enèji, mwen vle Ayiti prezan ansanm avèk tout moun, pou n ka di Ayiti ap fè sa, Ayisyen ka fè sa e Ayisyen yo ap jwe yon wòl lidè nan efò a."

Depite Eta Florid Sheila Cherfilus-McCormick te pale ak Valerio Saint-Louis vandredi 10 jyen 2022 a nan Los Angeles, aprè fèmti SomèdèzAmerik la.

XS
SM
MD
LG