Accessibility links

Breaking News

Yon Panèl Kongrè a ap Tande Temwayaj sou Efò Trump pou Chanje Rezilta Eleksyon 2020 an


Foto Achiv: Vis Prezidan Mike Pence retounen nan La Chanm apre minwi 7 Janvye pou finn setifye rezilta eleksyon an.
Foto Achiv: Vis Prezidan Mike Pence retounen nan La Chanm apre minwi 7 Janvye pou finn setifye rezilta eleksyon an.

Komisyon 6 Janvye a ap tande jedi temwayaj sou jefò Donald Trump te ranpòte eleksyon 2020 an; pou sa li te mete presyon sou Vis Prezidan Mike Pence pou l te sispann kontaj final vot elektoral yo.

Odisyon jedi a santre sou strateji Trump te anplwaye kote li te mete ansanm ak pwofesè dwa konsèvatè John Eastman nan jounen 6 Janvye 2021 an pandan yon sesyon konjwen Kongrè a te reyini pou sètifye viktwa Joe Biden nan eleksyon prezidansyèl la.

Panèl Chanm dè Reprezantan an ap tande depozisyon avoka vis prezidan an, Greg Jacob, ak yon jij federal retrete, Michael Luttig, ki deklare plan Trump la "pa korèk nenpot kijan ou konsidere l."

Prezidan komisyon an di panèl la pral mande yon entèvyou ak Virginia "Ginni" Thomas, yon militant politik konsèvatris ki se madanm Jij Kou Siprèm Etazini an, Clarence Thomas.

XS
SM
MD
LG