Accessibility links

Breaking News

Pwòch Kolaboratѐ Trump Te Avѐti Li Sete yon Erѐ Si L Te Pretann Eleksyon 2020 an Te Gen Koken


Yon videyo komite La Chanm kap mennen anket sou atak 6 Janvye 2021 sou Capitol la pandan yon odisyon nan Washington, Lendi 13 Jyen 2022.
Yon videyo komite La Chanm kap mennen anket sou atak 6 Janvye 2021 sou Capitol la pandan yon odisyon nan Washington, Lendi 13 Jyen 2022.

Komisyon Espesyal Chanm Depite a k ap mennen ankѐt sou atak ki te fѐt sou lokal Kongrѐ a nan dat 6 janvye 2021 an, sѐvi ak depozisyon sou sѐman kѐk nan direktѐ kanpay ansyen Prezidan Donald Trump yo ak konseye Repibliken pou li pwouve ansyen lide a gen tò, nan moman komisyon an t ap prezante, nan yon sesyon televize lendi, sa ki reprezante yon afѐ kriminѐl kote yo akize li pou plizyѐ rezon.

Pou kòmanse, Trump te fѐ sikile yon manti alòske li e byen konnen sete yon manti, paòl kòmkwa yo te vòlѐ eleksyon 2020 an nan men li, nan yon tantativ pou l te chanje defѐt li devan Prezidan Eli a, Joe Biden; epi, pou agrave sitiyasyon an plis toujou, komiyon an pwouve Twump te sѐvi ak manti a pou l te ranmase yon ka milya dola pou kѐk swadizan pwosѐ kote li t ap defann koz li.

Olye de sa, li te itilize lajan patizan fidѐl li yo te fѐ l jwenn pou l te ranpli pwòp òch li ak pòch manm fanmi li. Pa ekzanp, li te peye pwòp bѐlfi li, madanm Donald Trump Junior, 63 mil dola pou yon diskou 2 minit manmzѐl te fѐ pou l te apiye Gwo Manti a.

Manm Demokrat Komisyon an, Depite Zoe Lofgren, deklare nan depozisyon ki t ap fѐt lendi a:

“Apre Gwo Manti a te genyen Gwo Magouy Lajan.”

XS
SM
MD
LG