Accessibility links

Breaking News

Rudy Giuliani Fè Fas ak yon Pwosè Etik Pou Wòl li nan Eleksyon Trump la


Foto Achiv: Ansyen majistra vil Nouyok Rudy Giuliani pandan yon konferans pou lapres nan vil Nouyok, 7 Jyen 2022.
Foto Achiv: Ansyen majistra vil Nouyok Rudy Giuliani pandan yon konferans pou lapres nan vil Nouyok, 7 Jyen 2022.

Rudy Giuliani te youn nan prensipal avoka Donald Trump yo pandan tantativ echwe ansyen prezidan an tap mennen pou ranvèse rezilta eleksyon prezidansyèl 2020 an.

Kounyea, branch disiplinè Bawo Distri Kolonbi a di ansyen majistra vil Nouyok la dwe fè fas ak akizasyon etik pwofesyonèl pou wol sa a li te jwe a.

Se dènye souflèt Giuliani resevwa nan karyè li apre Nouyok ak Washington te sispann lisans pou'l pratike dwa pi bonè nan ane a.

Biwo Konsèy Disiplinè a lanse akizasyon kont Giuliani pou di li te pwomouvwa deklrasyon san prèv komkwa te gen koken nan eleksyon Pensilvani an.

Sa ki an je se deklarasyon Giuliani te fè pou apiye kanpay Trump la nan yon pwosè kote li tap chache ranvèse rezilta eleksyon an nan Pensilvani.

Tribinal la te voye jete pwosè sa a, ki te chache envalide yon afè 1,5 milyon bilten vot.

XS
SM
MD
LG