Accessibility links

Breaking News

Avoka Michael Avenatti Kondane Poul Pase 4 an Nan Prizon Paske li Vòlè $ 300,000 nan men Stormy Daniels


Michael Avenatti
Michael Avenatti

Avoka Ameriken Michael Avenatti, ke mond lan rekonèt kòm yon ènmi Donald Trump, jwenn kondanasyon pou al pase 4 ane nan prizon apre la jistis jwenn ni koupab deske li vòlè $ 300,000 nan men yon aktris pònografi ki te deklare ke li te ann afè ak ansyen Prezidan Trump sa gen 15 zan de sa.

Mesye Avenatti, ki gen 51 an, te deja jwenn kondanasyon an Jiyè ane pase a pou l pase dezan edmi nan prizon pou ekstòsyon lajan nan men founisè ekipman espò Nike.

Nan yon kominike avoka gouvenman an Damian Williams di "Avoka yo dwe rete fidèl ak defann kliyan yo. Michael Avenatti te vòlè idantite kliyan li a ak lajan kliyan li pou li ranpli pòch li".

Dosye sa a te kòmanse nan mwa fevriye 2018 jiska mas 2019 nan moman Donald Trump te toujou nan Mezon Blanch lan.

Mesye Avenatti te reprezante nan epòk sa a yon ansyen aktris pònografi, Stormy Daniels, ki di li te gen yon relasyon an 2006 ak mesye Trump ki te yon biznisman nan New York nan epok la. Vrè non aktris la se Stephanie Clifford, e li te deside rele devan lajistis 45yèm Prezidan Etazini an pou yo te anile yon akò konfidansyalite, ki te entèdi li pale sou avanti sa a ke li te genyen ak Trump.

Defandè li Michael Avenatti parèt kòm yon avoka aktris la e li te fe plizye entèvansyon nan laprès ak sou rezo sosyal yo, jiskaske yo te sispèk li vle fè konpetisyon pou Mezon Blanch lan.

Fevriye ane pase a, tribinal federal Manhattan te jwenn ke li te twonpe Stephanie Clifford epi detounen $300,000 nan $800,000 li te touche antanke ekriven yon liv revelasyon ("Full Disclosure") sou relasyon ni ak Trump.

XS
SM
MD
LG