Accessibility links

Breaking News

Temwen 6 Janvye: Nou te Di Trump Pinga Li Reklame yon Viktwa Rapid


Ansyen redakte Fox News Chris Stirewalt prete seman devan komite La Chanm de Reprezantan kap mennen anket sou atak 6 Janvye kont Capitol la, Lendi 13 Jyen, 2022.
Ansyen redakte Fox News Chris Stirewalt prete seman devan komite La Chanm de Reprezantan kap mennen anket sou atak 6 Janvye kont Capitol la, Lendi 13 Jyen, 2022.

Manadjè kanapay Donald Trump la, Bill Stepien ak lot konseye wo plase ap temwaye devan yon komite La Chanm dè Reprezantan sou atak 6 Janvye 2021 an kont Capitol la. Yo di yo te kwè eleksyon prezidansyèl 2020 an te two sere e ke pat gen posibilite pou di kiyès ki genyen jou swa eleksyon an. Sepandan yo di Trump te deklare se limenm ki genyen kanmenm.

Stepien patka reponn prezan devan komite a paske madanm ni tap akouche, men komite kap mennen ankèt sou atak la montre temwayaj misye te fè ke yo te anrejistre. Stepien se yon temwen kle nan moman komite a ap fouye zo nan kalalou pou detèmine reyalite "gwo mansonj la" an palan de deklarasyon prezidan Repibliken dechi a te fè pou di te gen koken nan eleksyon prezidansyèl la.

Panèl la di manti sa yo pwovoke yon foul patizan yo pou yo atake Capitol la.

XS
SM
MD
LG