Accessibility links

Breaking News

Peyi G-7 yo Pran Angajman Pou Yo Sispann Achte Gaz nan Men Larisi


Canadian PM Trudeau meets Ukraine's President Zelenskiy in Kyiv
Canadian PM Trudeau meets Ukraine's President Zelenskiy in Kyiv

Lamezonblanch anonse dimanch ke "peyi G-7 yo pran angajman pou yo sispann oswa limite pwogresivman enpòtasyon gaz ris la".

Gwoup la fè twazyèm videyo-konferans anyèl li dimanch avèk patisipasyon Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Velenskyy.

Premye Minis kanadyen an, Justin Tudreau, te patisipe tou nan rankont G-7 la bò kote Prezidan Velenskyy padan li t ap rann lidè Ikrenyen an yon vizit nan Kyèv.

Sepandan, Lamezonblanch pa presize ki angajman egzat chak peyi yo pran an patikilye. Manm G-7 la se Lalmay, Kanada, Etazini, Lafrans, Itali, Japon ak Wayòm Ini.

XS
SM
MD
LG