Accessibility links

Breaking News

Yon Bonm Ris Plati yon Lekòl


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Plizyè douzèn moun Ikrèn sanble ta mouri dimanch apre yon bonm ris te plati yon lekòl kote 90 moun te pran refij nan lès Ikrèn.

Gouvènè pwovens ki an diskisyon Luhansk kote gwo batay t ap fè raj depi dè semèn ant fòs ris ak fòs Ikrèn fè konnen sekouris sove 30 moun nan konplèks Bilohorivka men ke kèk lòt moun nan lekòl la sanble pa siviv.

"Sa ki plis sanble posib, sèke tout 60 moun ki rete anba debri yo mouri kounye a," se sa gouvènè Serhiy Haidai ekri sou app mesaj Telegram. Li fè konnen bonbadman ris yo touye tou 2 ti gason ki gen 11 an ak 14 an, nan bouk Pryvillia ki toupre a.

Dènye bonbadman an nan rejyon Donbas vini nan moman LaRisi ap pouse pou l moutre kèk siksè sou chann-batay nan lès Ikrèn anvan konje Jou Viktwa a jodi a pou make defèt Almay Nazi a nan 2èm Gè Mondyal la ann Ewòp.

XS
SM
MD
LG