Accessibility links

Breaking News

Premyè Dam Etazini an fè yon Vizit Sipriz ann Ikrèn


U.S. first lady Jill Biden meets with Olena Zelenska, wife of Ukraine's President Volodymyr Zelenskiy, in Uzhhorod
U.S. first lady Jill Biden meets with Olena Zelenska, wife of Ukraine's President Volodymyr Zelenskiy, in Uzhhorod

Premyè dam amerikèn nan, Jill Biden, fè yon vizit sipriz e sekrè dimanch 8 me 2022 a nan Ikrèn kote li rankontre premyè dam peyi a, Olena Zelenska, nan yon lekòl ki tounen refij pou ikrenyen ki oblije kite lakay yo.

Se pou lapremyè fwa depi kòmansman gè a madam Zelenska parèt an piblik . Madam Biden deklare “ Li te enpòtan pou nou te montre pèp ikrenyen an , gè sa a dwe sispann, gè sa a brital , e pèp ameriken an kanpe bò kote pèp ikrenyen an “ .

E Premyè dam Ikrèn nan, remèsye Premyè dam Etazini an, pou sa l konsidere kòm yon zak ki mande anpil kouraj.

XS
SM
MD
LG