Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini Di LaRisi Komèt "Krim de Gè" Nan Ikrèn


Michele Bachelet
Michele Bachelet

Nasyonzini an akize Vandredi lame Ris la pou aksyon ki "kapab reprezante krim lagè" nan Ikrèn depi envazyon 24 fevriye a.

Ravina Shamdasani, yon pòtpawòl Biwo Komisyonè pou Dwa Moun nan Nasyonzini di: "Fòs lame Ris yo te bonbade zòn ki chaje ak moun, yo touye sivil yo ak detwi lopital, lekòl yo ak lòt enfrastrikti sivil yo, tout aksyon sa yo reprezante krim lagè."

Komisyonè pou Dwa Moun Nasyonzini an, Michele Bachelet di Misyon Dwa Moun yo nan Ikrèn lan 'gen plis pase 300 akizasyon krim asasina ki fèt sou sivil yo' nan zòn ki te sou kontwòl Larisi nan fen mwa fevriye a ak kòmansman mwa mas.

Madam Bachelet estime ke omwen 3,000 sivil te mouri paske yo te manke swen oswa akoz estrès lagè a kreye.

XS
SM
MD
LG