Accessibility links

Breaking News

Etazini, Kanada, Grann Betay Pati Kite Sal Somè G-20 an Akoz Prezans Larisi


Hoogganoonni biyyootii lixaa wal ga'ii G-20 dhiisanii ba'an
Hoogganoonni biyyootii lixaa wal ga'ii G-20 dhiisanii ba'an

Otorite wo plase Ozetazini, Kanada ak Wayòm Ini te pati kite rankont 20 pi gwo ekonomi nan lemond yo, mèkredi, pou pwoteste kont desizyon G-20 an pran pou pèmèt reprezantan Larisi patisipe nan rankont la –pami yo gen minis finans ris la, Anton Siluanov.

Lèzetazini ak kèk lòt manm G-20 an te lanse apèl bay Endonezi –peyi òganizatè rankont la ane sa a- pou mande li pa kite Larisi patisipe nan somè a aprè envazyon li fè nan Ikrèn nan. Le fèt ke Larisi jwenn pèmisyon kanmèm pou l reponn prezan nan somè a atire atansyon sou mezantant ki genyen anndan gwoup la konsènan lagè a nan Ikrèn.

Malgre Ikrèn pa yon manm G-20 an, minis afè etranjè li a, Dmytro Kuleba, ak minis finans li a, Serhiy Marchenko, te jwenn envitasyon pou yo asiste rankont la. Nan deklarasyon Minis Kuleba fè nan kòmansman sesyon an, li pran angajman pou Ikrèn pa sede okenn pati nan t èritwa li bay Larisi nan negosyasyon k ap fèt yo. Kuleba ak Marchenko, yo menm tou, te pati kite fowòm nan.

Minis finans ris la, Siluanov, bò kote pa l, lanse yon avètisman kont tout politizasyon dyalòg ant eta-manm G-20 an paske, daprè li, “sa kapab gen move konsekans sou ekomoni mondyal la.”

XS
SM
MD
LG