Accessibility links

Breaking News

Vizit Minis Defans Polòy la nan Washington


Defense Sec Austin and Joint Chiefs Chairman Milley testify before a House Armed Services Committee hearing
Defense Sec Austin and Joint Chiefs Chairman Milley testify before a House Armed Services Committee hearing

Minis Defans Lapolòy la, Mariuz Blaszak, ensiste sou plan peyi li genyen pou l ogmante kapasite defans li, pandan l t ap fè yon vizit nan Washington mèkredi 20 avril la, vizit kote kòlèg ameriken l nan, Lloyd Austin, te resevwa li.

Pandan 2 ofisyèl yo t ap rankontre nan Pentagòn nan, Minis Austin fè konpliman pou asistans imanitè ak militè Lapolòy bay Ikrèn. Li deklare:

“Lapolòy ofri non sèlman “asistans sou plan sekirite ke lame ikrenyèn nan tèlman bezwen pou l ka kontinye lite avèk efikasite kont envayisè ris yo, men tou “li jwe yon wòl totalman esansyèl pou fasilite livrezon asistans sekirite k ap sòti Ozetazini, nan peyi alye l’OTAN yo ak patnè nou yo atravè lemond.”

Austin ajoute: “Sa ki pi enpòtan toujou a, sè ke pèp polonè a ouvri kè li ak kay li pou l resevwa plizyè milyon ikrenyen k ap kouri pou vyolans; e Lapolòy fè sa avèk anpil gras.”

Depi Larisi te anvayi Ikrèn nan sa preske gen 2 mwa, anviwon 3 milyon sitwayen ikrenyen al pran refij nan Lapolòy.

XS
SM
MD
LG