Accessibility links

Breaking News

Dosye Zam: Dmytro Kuleba Rejte Jodia Pozisyon Kèk Peyi ki Pa Vle Reponn Demand Ikrèn


Belgium Russia Ukraine War NATO
Belgium Russia Ukraine War NATO

Minis Afè Etranjè Ikrèn Dmytro Kuleba rejte jodia pozisyon kèk peyi ki pa vle reponn deman Ikrèn pou ba li zam, pandan peyi sa yo krenn pou aksyon konsa pa rale yo antre nan konfli a ak LaRisi, e minis la fè konnen si peyi yo bay Ikrèn sa l bezwen, Ikrenyen ap batay, yon jan pou pèsonn lòt pa oblije fè sa.

"M panse ke sa Ikrèn ofri a li jis: Ban nou zam, nou sakrifye lavi nou, e n ap bare gè a nan Ikrèn," se pawòl Kuleba.

Li te pale konsa nan Bruksèl an Bèljik e li te bò kote Sekretè Jeneral l-OTAN Jens Stoltenberg anvan yon reyinyon minis afè etranjè l-OTAN yo, kote Stoltenberg te fè konnen alye yo ap abòde bezwen Ikrèn pou sistèm defans aeryen, zam anti-tank ak lòt sipò.

Etazini ak alye li yo te di ayè mèkredi a yo enpoze "nouvo sanksyon sevè e touswit" kont LaRisi, pou entèdi

envestisman ameriken nan peyi sa a, aji pou bloke enstitisyon finansye LaRisi e vize pwopriyete pitit Prezidan Vladimir Putin ki majè.

XS
SM
MD
LG