Accessibility links

Breaking News

Plis pase 2 milyon 800 mil moun deja kouri kite Ikrèn


Moun fe la ke nan biwo paspo vil Vasovi a nan Poloy, Lendi, 14 Mas 2022.
Moun fe la ke nan biwo paspo vil Vasovi a nan Poloy, Lendi, 14 Mas 2022.

Plis pase 2 milyon 800 mil moun deja kouri kite Ikrèn depi envasyon Larusi a te komanse daprè Nasyonzuni. Se egzòd refujye ki pi rapid depi 2 zyèm gè mondyal la daprè kèk ekspè.

Majorite refijye ki soti Ikrèn yo ale nan peyi Inyon Ewòp yo. Plis pase mwatye nan yo ale Polòy aloske gen plizyè Santèn milye ki ap chache sekirite nan Ongri, Woumani ak Slovaki.

Leah Zamore ki ap dirije pwogram Kriz imanitè nan sant sou Kowoperasyon entènasyonal inivèsite New York di Lavwadlamerik Kriz refijye siryen an te pran plizyè lane pou li te rive nan kantite moun ki kite Ikrèn nan mwens ke 2 semèn.

Li di pa te janm gen yon egzòd rapid konsa anvan.

Zamore di li pral difisil pou Ewòp fè plas pou pakèt moun sa yo byen vit. Men gen anpil jenewozite nan repons la, omwen nan kriz Ikrèn nan.

Ikrenyen yo deja gen avantaj vwayaje san viza nan Unyon Ewòp la pou jiska 90 jou. Depi envazyon an, sityasyon an ak kantite refijye yo ap chanje byen vit. Akoz de sa, branch egzekitif Inyon Ewòp la , an palan de Komisyon Ewopeyen an, active Konsiy Proteksyon tanporè a ki bay proteksyon touswit pou moun k-ap kouri pou lagè a an menm tan ke l-ap pèmèt refijye yo jwenn lekòl, swen medikal ak travay.

XS
SM
MD
LG