Accessibility links

Breaking News

Sena Ameriken an Apwouve yon Pwojè Lwa pou fè Daylight Saving Time Pèmanan


Foto Achiv: Kongre Ameriken an nan Washington.
Foto Achiv: Kongre Ameriken an nan Washington.

Sena Ameriken an apwouve a l inanimite yon mezi ki ta rann pèmanan orè daylight saving time la ane pwochèn.

Pwojè lwa sa a ke senate Demokrat ak Repibliken apwouve Madi ta asire ke Ameriken pa oblije chanje lè 2 fwa pa jou.

Sepandan, fok La Chanm apwouve pwojè lwa sa a tou, epi fok Prezidan Joe Biden siyen'l anvan li tounen yon lwa vreman vre.

Senatè Demokrat kou Repibliken te pran la pawol pou esplike kijan chanjman sa a pou kenbe daylight saving time an pèmanans, ta gen enpak pozitif sou sante piblik la, ekonomi a epi redwi konsomasyon enèji.

Plis pase yon douèn eta toupatou Ozetazini deja standardize daylight saving time.

XS
SM
MD
LG