Accessibility links

Breaking News

'Nou Bezwen w Kounyela a' Zelenskyy di Kongrè Ameriken an


Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy pwononse yon diskou vityel devan Kongre Ameriken an nan Washington, Mekredi 16 Mas, 2022.
Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy pwononse yon diskou vityel devan Kongre Ameriken an nan Washington, Mekredi 16 Mas, 2022.

Prezidan Ikrenyen an Volodomyr Zelenskyy site atak kont po Ameriken Pearl Harbor nan Hawaii ak atak teworis 11 Septanm 2001 an Mekredi, nan diskou li pwononse devan Kongrè Ameriken an kote li mande pou Etazini fe pi plis pou ede Ikren goumen kont La Risi.

"Nou bezwen'w kounyea," Zelenskyy deklare pandan diskou Kongrè a te difize an dirèk. Li ajoute "Mwen mande nou fe plis."

Palmantè Ameriken yo leve kanpe pou bat bravo anvan ak apre diskou a. Zelenskyy te montre palmantè yon videyo chaje emosyon ki montre san ak kadav epi destriksyon ak devastasyon peyi li soufri pandan lagè a.

Prezidan Joe Biden reziste demann Zelenskyy fe jiskaprezan pou l voye avyon de gè bay Ikrèn, paske li pa vle chofe lage a pi plis toujou. Biden pral pwononse yon diskou pi ta Mekredi kote li pral anonse pito, yon lot $800 milyon asistans sekirite pou Ikrèn.

XS
SM
MD
LG