Accessibility links

Breaking News

Pakistan Pwal Enpòte e Achte Gaz Natirèl Nan men LaRisi


RUSSIA-PAKISTAN/
RUSSIA-PAKISTAN/

Premye-minis Pakistan Imran Khan anonse lendi peyi li pwal enpòte apeprè 2 milyon tòn ble nan men LaRisi e achte gaz natirèl tou nan kad antant ke 2 peyi yo te siyen semèn pase a pandan vizit ofisyèl li nan Moskou.

Khan te prese fè vizit 2 jou li a e rankontre ak Prezidan Vladimir Putin nan Kremlen an, kèk èd-tan apre fòs ris yo te anvayi Ikrèn, kote peyi nan loksidan yo ap mete presyon pou izole lidè ris la pou aksyon li.

Lendi, Premye-minis Pakistan an te defann vwayaj li a e te reponn kritik yo nan yon diskou nan televizyon kote li te pale ak nasyon an, pou di enterè ekonomik te oblije li fè sa.

XS
SM
MD
LG