Accessibility links

Breaking News

Asanble Jeneral LONU Fè yon Sesyon Istorik sou Ikrèn


Reprezantan Ikren, Sergiy Kyslytsya pale pandan yon rankont dijans Asanble Jeneral LONU an, Lendi 28 Fevriye 2022.
Reprezantan Ikren, Sergiy Kyslytsya pale pandan yon rankont dijans Asanble Jeneral LONU an, Lendi 28 Fevriye 2022.

Ikrèn ak peyi Oksidantal yo lanse apèl bay kominote entènasyonal la Lendi pou yo apiye yon pwojè rezolisyon nan Asanble Jeneral Nasyonzini ki kondane envazyon La Risi fè nan Ikrèn epi mande sou seselfe kounyela a nan moman twoup Moskou yo ap ogmante bonbadman yo nan dezyèm pi gran vil peyi a, Kharkiv.

"Jodia nap fè fas ak yon moman esansyèl ak istorik," Anbasadè Inyon Ewopeyen an, Olof Skoog di peyi manm yo nan lonè 27 peyi Inyon Ewopeyen li reprezante. "Se two souvan nan le pase ke kominote entènasyonal la fè komsi li pa wè oubyen li pran twop tan pou reponn trajedi kap dewoule. Jenerasyon ann antye nan anpil peyi toupatou nan mond lan peye e nou kontinye ap peye pri pou aksyon ki pat pran. Nou paka fè menm erè a anko: Fok nou pase a l'aksyon."

L'Oksidan ak Ikrèn dekri kriz la devan asanble kom menas pou egzistans ak prensip Nasyonzini. Chat oganizasyon an date nan ane 1945, e li baze sou règ ak lod entènasyonal.

"Fok nou aji kounyela a pou ede Ikrèn, yon peyi kap peye pi gwo pri pou libète ak sekirite limenm ak mond lan," anvwaye Ikrenyen Sergiy Kyslytsya deklare. "Si Ikrèn pa soti vivan, lapè entènasyonal pap siviv. Si Ikrèn pa siviv, Nasyonzini pap siviv - pa gen okenn ilizyon. Si Ikrèn pa siviv nou paka sezi lè demokrasi echwe sa."

Asanble Jeneral la ap rankontre anba sa ki rele rezolisyon Inyon pou Lapè. Li pèmèt yo oganize rankont espesyal tout manm yo lè gen yon enpas nan Konsèy Sekirite a ki anpeche li egzèse mande li pou mentni oubyen retabli lapè ak sekirite mondyal la - nan ka sa a se akoz pouvwa veto La Risi, yon manm pèmanan Konsèy la genyen.

Malgre konsèy la divize sou divès kestyon, yo envoke Inyon pou Lapè mwenske yon douzèn fwa depi yo te adopte'l an 1950, dapre Rapo Konsey Sekirite a ki kenbe kont rankont LONU yo. Dènye fwa sa te fèt sete an 1982, kidonk sa gen 40 an, konsènan Israel.

Gen anpil chans pou deba a kontinye jiska Mèkredi, paske gen 100 peyi ki mande pou yo pran la pawol. Etazini gen pou'l pale vè fen deba a, tou jis anvan yo prezante pwojè rezolisyon ki kondane la Risi a. Langaj dokiman an sanble anpil pwojè rezolisyon La Risi te bloke epi poze veto sou li nan rankont Konsèy Sekirite a te fè Vandredi.

Fok yon majorite 2 tyè manm asanble jeneral la vote an favè rezolisyon an pou'l apwouve.

Anvwaye Ris la, Vassily Nebenzia deklare aksyon Moskou poze yo sete pou defann tèt li e ke yo mal entèprete yo. Li eseye prezante envazyon Moskou a tou tankou yon mezi li pran pou'l defann prensip Chat LONU an.

"Nap pwoteje tèt nou kont yon menas nasyonalis, men La Risi ap eseye tou respekte objektif ak prensip ki nan Chart LONU an sou sol Donbas ak Ikrèn. Nou vle asire prensipal objektif Nasyonzini an respekte - an palan de anpeche jenerasyon kap vini apre yo viv yon lagè," Nebenzia deklare.

Li demanti akizasyon kom kwa twoup Ris yo vize sivil.

"Se tout tan nap tande manti, fo nouvel sou atak nap lanse kont vil Ikrenyen, lopital, lekol, jaden d'anfan," Nebenzia deklare. "Lame Ris la pa poze yon menas pou sivil Ikrenyen yo, li pap atake zon kote sivil yo abite."

Korespondan Vwadlamerik nan Nasyonzini, Margaret Besheer, ekri vesyon orijinal repotaj sa a

XS
SM
MD
LG