Accessibility links

Breaking News

Premye Seri Chita Tande ant Ikrèn ak La Risi Fini San Okenn Antant


Manm delegasyon Ikrenyen an debake nan yon elikopte pou yal rankontre reprezantan La Risi nan rejyon Gomel la nan Belarisi, 28 Fevriye 2022.
Manm delegasyon Ikrenyen an debake nan yon elikopte pou yal rankontre reprezantan La Risi nan rejyon Gomel la nan Belarisi, 28 Fevriye 2022.

Premye seri chita tande ant Ikrèn ak Moskou ki gen kòm objektif pou mete fen nan batay ant Moskou ak vwazen li fini san yo pa rive jwenn okenn antant.

Yon konseye Prezidan Ris la, Vladimir Putin di chita tande ak responsab Ikrenyen yo te dire apepre 5 èdtan.

Vladimir Medinsky te dirije delegasyon Ris la nan Byelorisi. Li di 2 pati yo "jwen sèten pwen kote yo te ka prevwa pozisyon komen."

Medinsky deklare ke yo dakò pou fè yon lòt chita pale,

Mykhailo Pokdolak, yon wo konseye Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy pa bay anpil detay eskepte pou di diskisyon yo te dewoule tou pre frontyè Ikrèn pataje ak Byelorisi e ke yo te konsantre sou yon posib seselfe. Li di yon dezyèm chita pale pral dewoule "nan yon avni ki pa lwen."

Medinsky deklare "Pwochen rankont la pral fèt nan jou kap vini yo tou pre frontyè Poloy ak Byelorisi, gen yon antant konsa ki fèt,"

XS
SM
MD
LG