Accessibility links

Breaking News

Wayòm Ini Pap Aksepte Okenn Refijye Ikrenyen San Viza


People fleeing stand in a crowded underpass at a train station to catch a train to Poland, in Lviv, Ukraine, Feb. 28, 2022.
People fleeing stand in a crowded underpass at a train station to catch a train to Poland, in Lviv, Ukraine, Feb. 28, 2022.

Wayòm Ini pwomèt Lendi pou fasilite kondisyon pou akeyi plis Ikrenyen ak fanmi yo nan peyi li, men li pa "dakò baryè lib" pou tout refijye ki ap kouri kite peyi Ikrèn.

Priti Patel ki se minis Enteryè te di "kontròl byometrik ak sekirite yo fondamantal pou peyi nou, e yo pral rete konsa. "Yo enpòtan anpil pou kenbe pep Britanik yo an sekirite."

Anpil moun kritike Wayòm Ini pou mank jenewozite yo pa genyen pou akeyi Ikrenyen ki kouri kite peyi yo apre envazyon LaRisi nan peyi Ikrèn.

Premye Minis Boris Johnson te anonse dimanch ke rezidan Angletè kapab resevwa plizyè fanmi ki sot Ikrèn. Dapre Biwo Enteryè desisyon sila taka pèmèt anviwon 100,000 moun "jwenn refij" nan Wayòm Ini.

Si fanmi "rezidan ki ap viv nan Wayòm Ini pa gen yon viza) men yo pase kontròl byometrik yo, (nou) ap ba yo pèmisyon pou yo antre nan Wayòm Ini ".

Anviwon 500,000 moun kouri kite peyi Ikrèn pou al pran refij yo nan plizyè peyi vwazen.

XS
SM
MD
LG