Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ikrèn Ranpli Aplikasyon pou Peyi l Vinn Manm Inyon Ewòp la


Foto sa a ke Biwo Prezidans Ikrenyen an pibliye montre Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky kap p ale ak pep la sou telefon entelijan li anba lavil Kyev, Ikren, Samsi 25 Fevriye 2022.
Foto sa a ke Biwo Prezidans Ikrenyen an pibliye montre Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky kap p ale ak pep la sou telefon entelijan li anba lavil Kyev, Ikren, Samsi 25 Fevriye 2022.

KYEV - Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy deklare li siyen yon aplikasyon pou Ikrèn vinn manm Inyon Ewopeyen an.

Mezi sa a vini 5 jou apre La Risi te anvayi peyi vwazen li an, epi deklanche kondanasyon entènasyonal ak of asistans militè bò kote 27 peyi manm Inyon Ewòp la ak lòt peyi etranje.

Andrii Sybiha, direktè biwo Zelenskyy a deklare sou paj Facebook li ke dokiman yo "nan wout pou y'al Brussels."

Foto Zelenskyy pibliye sou Facebook montre l bò kote Premye Minis Denys Shmyhal ak direktè palman an Ruslan Stefanchuk.

"Nap kreye listwa kounyea," mesaj la deklare.

Sepandan, aplikasyon an lajman senbolik. Pwosesis la taka pran plizyè zane. Fòk tout manm Inyon Ewopeyen an dakò pou yon peyi vinn manm. Ikrèn febli akoz kowipsyon sitematik ki egziste lakay li depi plizyè zane e ki lakoz li difisil pou reponn ak demann Inyon Ewopeyen an.

XS
SM
MD
LG