Accessibility links

Breaking News

Maduro Denonse Angletè Poutèt li Bloke Rezèv Lò Peyi li


Venezuela, Kolonbi Pran La Pawol Devan Konsey Dwa Moun Nasyonzini
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:38 0:00

Venezuela, Kolonbi Pran La Pawol Devan Konsey Dwa Moun Nasyonzini

Prezidan Venezuela ak Kolonbi pran la pawòl devan Konsèy Dwa Moun Nasyonzini an nan vil Jenèv.

Nan yon diskou li fè sou videyo, Prezidan Venezyelyen an Nicolas Maduro deklare malgre sanksyon yo pran kont peyi li, li jwenn mwayen pou vaksinen 102% popilasyon Venezyelyen an.

Maduro denonse 31 ton lò li di ki fè pati rezèv legal ak istorik Venezyela ke Bank Angletè a bloke.

Maduro ajoute li bezwen lò sa a pou ede peyi li fè fas ak pandemi kowonaviris la.

Prezidan Kolonbyen an, Ivan Duque bò kote pa li di gouvènman li a an solidarite ak migran Venezyelyen yo e li pral kontinye lanse apèl pou rejim diktati a nan peyi vwazen li an sispann pyetinen libète pèp Venezyelyen an.

XS
SM
MD
LG