Accessibility links

Breaking News

Manm Kongrè Ameriken an Mande Plis Sanksyon Kont Larisi


Biden-Putin Collage
Biden-Putin Collage

Palmantè ameriken yo mete adminitrasyon Biden lan nan obligasyon pou l pase alaksyon rapidman pou l pini prezidan ris la, Vladimir Putin, paske li rekonèt zòn separatis Pro Ris yo nan ès Ikrèn kòm eta endepandan.

Malgre genyen yon bon jan inyon nan mitan 2 pati yo sou nesesite ki genyen pou Lèzetazini pran aksyon kont Larisi.

Demokrat ak Repibliken yo gen pou travay ansanb pou jwenn yon antant sou kijan pou yo pwograme sanksyon yo, konsa pou yo kapab dekouraje epi pini Putin pou envasyon li nan Ikrenn.

Prezidan ris te deklare lendi ke , istorikman, Ikrèn fè pati Larisi e "li pat janm reprezante yon peyi veritab,” Yon deklarasyon ke lidè tou 2 pati yo nan Kongrè a te kondane.

Senatè nan tou 2 pati yo prezante yon lejislasyon ki mache ak anksyon ki mande pou Larisi pèdi privilèj pou l sèvi ak bank pou l fè tranzaksyon entènasyonal.

XS
SM
MD
LG