Lamezonblanch fè konnen Prezidan Joe Biden di Prezidan La Risi a, Vladimir Putin, ke si li anvayi Ikrèn sa pral koze "anpil soufrans imen toupatou" e ke l'Oksidan pran angajman pou'l pousuiv diplomasi pou mete fen nan kriz la. Sepandan, Biden di l'Oksidan "pare egalman pou lot senario."
Biden di Putin tou ke Lèzetazini ak alye li yo pral reponn yon fason "desizif epi enpoze kif kif konsekans sevè" si Kremlen an atake vwazen li.
Pa gen okenn endikasyon konvèsasyon telefonik ant Biden ak Putin nan, ki dire yon hè'd tan diminye menas ki egziste pou yon lagè pete ann Ewop.
Prezidan yo pale yon jou apre konseye Biden nan sou zafè ki gen pou wè ak sekirite nasyonal te lanse avètisman pou di ransèyman Lèzetazini genyen a la dispozisyon ni montre yon envazyon Ris taka tanmen kèk jou sèlman apre Jezolenpik Ivè Peken yo, ki sipoze fini 20 Fevriye a.