Accessibility links

Breaking News

LaRisi: Akoste 6 Bato de Gè nan yon Pò Estratejik Lanmè Nwa a


Nan foto sa a ke sevis lapres Ministe Defans La Risi pibliye Jedi 10 Fevriye 2022, yon bato atak fos naval Ris la pran direksyon po Sevastopol la nan Krime.
Nan foto sa a ke sevis lapres Ministe Defans La Risi pibliye Jedi 10 Fevriye 2022, yon bato atak fos naval Ris la pran direksyon po Sevastopol la nan Krime.

LaRisi tanmen 10 jou kokenn ekzèsis militè nan Belarus, jedi, e li akoste 6 bato de gè li nan yon pò estratejik Lanmè Nwa a, sa ki atire gwo pale anpil bò kote otorite yo nan Ikrèn ki kalifye aksyon Moskou yo kòmkwa y ap ogmante tansyon yo pi plis toujou nan rejyon an.

Manèv Ris yo nan Belarus enplike plizyè milye sòlda ak sistèm zam sofistike tankou misil S-400 sol-air, sistèm defans aeryen Pantsir ak djèt konba Su-35, pandan kèk nan antrènman yo ap dewoule nan distans sèlman 210 kilomèt ak nò kapital la Kyèv.

Ministè Defans LaRisi a fè konnen 6 bato yo rive nan pò Sevastopol nan Krime ke Moskou te pran nan men Ikrèn an 2014. Yo pakouri 13,000 kilomèt, soti nan Lanmè Baltik pou yo tanmen sa otorite yo dekri kòm ekzèsis. Bato Ris yo bati yon jan pou yo debake sòlda, kamyon ak materyèl sou tè.

Otorite nan Moskou ak Minsk fè konnen twoup ris yo ap kite Belarus apre ekzèsis yo rive nan bout yo 20 Fevriye. Men otorite nan l'oksidan yo rete ak yon krent ke Ris yo ka pran pozisyon pou anvayi Ikrèn, yon ansyen Repibik Sovyetik, ansanm ak 100,000 sòlda ke Moskou rasanble sou pati ès Ikrèn.

XS
SM
MD
LG