Accessibility links

Breaking News

Etazini Lanse Avètisman pou di La Risi Taka Anvayi Ikrèn Nempòt Kilè


Prezidan Joe Biden bay yon kout pous nan moman lap mache pou'l monte nan Marine One, elikopte prezidansyel la, sou gazon Lamezonblanch la, 11 Fevriye 2022.
Prezidan Joe Biden bay yon kout pous nan moman lap mache pou'l monte nan Marine One, elikopte prezidansyel la, sou gazon Lamezonblanch la, 11 Fevriye 2022.

Administrasyon Biden nan ogmante avètisman li konsènan posibilite pou La Risi anvayi Ikrèn. Gouvenman Ameriken an di se yon bagay ki taka fèt nempòt kilè.

Pantagon nan voye yon lòt 3,000 twoup an Ewòp de Lès pou rasire alye yo.

Pou mete aksan sou sans ijans la, gouvenman Ameriken an mande tout Ameriken ki nan Ikrèn pou yo pati kite peyi a nan 48 hè kap vin la yo.

Lamezonblanch deklare Vandredi li pa konnen si Prezidan Ris la, Vladimir Putin pran desizyon pou'l anvayi men li finn rasanble tou eleman li ta bezwen pou fè sa rapidman.

Anpil analis te kwè pat gen anpil chans pou Putin pase a l'aksyon pazavan fen Jezolenpik Ivè an Chin yo, kidonk 20 Fevriye, men sanble Etazini limenm pa pataja opinyon sa a ankò.

XS
SM
MD
LG