Accessibility links

Breaking News

Ikren: Pandan La Risi ap Fè Manèv Militè, Jefò Diplomatik Entansifye


Nan foto sa a ke sevis lapres Ministe Defans La Risi pibliye Jedi 10 Fevriye 2022, yon bato atak fos naval Ris la pran direksyon po Sevastopol la nan Krime.
Nan foto sa a ke sevis lapres Ministe Defans La Risi pibliye Jedi 10 Fevriye 2022, yon bato atak fos naval Ris la pran direksyon po Sevastopol la nan Krime.

Dè milye twoup Ris ap fè manèv nan Belarus nan moman jefò diplomatik ap entansifye pou anpeche yon lagè pete ant La Risi ak Ikrèn.

Konseye politik etranje ki soti Almay, la Frans, La Risi ak Ikrèn tanmen chita tande nan vil Bèrlen Jedi.

Sekretè Afè Etranjè Britanik la rankontre ak tokay Ris li nan Moskou.

Pandansetan, fòs LOTAN yo te deplase tou, kote yo pran direksyon frontyè ès Alyans militè Oksidantal la pou fè preparasyon pou yon posib envazyon Ris nan Ikrèn.

Premye Minis Polonè a deklare "Li lè e li tan pou l'Oksidan louvri je li."

La Risi mete plis pase 100,000 twoup tou pre frontyè Ikrèn e lap fè manèv militè malgre li deklare li pa gen okenn plan pou'l anvayi vwazen li.

XS
SM
MD
LG