Accessibility links

Breaking News

Youn nan Misyonè Ameriken '400 Mawozo' te Kidnape Pale


Yon banyè pou otaj ki libere yo nan Christian Aid Ministries nan vil Berlin, eta Ohio, 20 Dec. 2021.
Yon banyè pou otaj ki libere yo nan Christian Aid Ministries nan vil Berlin, eta Ohio, 20 Dec. 2021.

Ameriken Austin Smucker, 27 an, deklare li pat konnen si'l tapral viv oubyen mouri lè yon gang Ayisyen te kidnape limenm ak 16 lòt moun nan mwa Oktob 2021. Sèl sa li te konnen se li pat poukont li.

Mèkredi 26 Janvye, Smucker bay pwogram televizyon Ameriken "Good Morning America" yon entèvyou kote li di li si e sèten se lafwa ak lapriyè ki te ede limenm ak lòt yo soti vivan.

"Bondye reponn anpil priyè yon fason emèveyan, fason ki pa vreman fè sans," Smucker di jounalis ABC News Linsey Davis. Li ajoute ke gwoup le te konn pase jounen yo ap lapriyè.

Jou li te chape poul li, Smucker di yon pòt gang lan te konn siveye pat gen pèsonn kap siveye'l e se konsa yo te konnen lè a rive pou yo kouri kite kay la: "Yo patka wè nou nan moman nou tap soti nan pòt sa a e nou te kouri al lage kò nou nan raje ozalantou kan an epi apre sa nou te ka pran wout pou nou soti nan zòn nan,".

Smucker ak gwoup li a tap travay kòm misyonè pou Christian Aid Ministries, lè gang 400 Mawozo te kidnape yo 16 Oktòb.

Te gen 5 timoun pami yo - an tou 16 Ameriken ak yon Kanadyen. Youn nan timoun yo sete yon ti bebe 18 mwa. Gang lan kidnape chofè yo tou ki se yon Ayisyen, dapre yon òganizasyon dwa moun lokal.

Otaj yo se moun Michigan, Wisconsin, Ohio, Tennessee, Pènsilvani, Oregon epi Ontario, Kanada, dapre sa gwoup misyonè a di.

Lidè gang lan te menase pou'l touye otaj yo si yo pat satisfè demann ni. Otorite yo di 400 Mawozo te mande yon ranson $1 milyon pa tèt, men li pa klè si timoun yo te ladann.

Li pa klè non plis, si gen ranson ki peye, ni ki jefò ki te debouche sou liberasyon otaj yo.

Gen 2 nan otaj yo ke yo te lage nan mwa Novanm nan. Apre sa 3 lot te lage nan kòmansman mwa Desanm nan. Men rès yo pat resi libere pazavan mitan mwaDesanm nan.

Lè jounalis mande'l si'l ta tounen travay kom misyonè,Smucker reponn: "Si'm te gen opòtinite a, wi."

XS
SM
MD
LG