Accessibility links

Breaking News

Ex-Otaj Ameriken yo Anfòm, Yo Kite Ayiti Dapre Misyon an


Yon gwoup moun ki pa idantifye kite katye jeneral Christian Aid Ministries nan Titanyen o No Potoprens pou yo pran chimen ayewopo Potoprens la, 16 Dec. 2021.
Yon gwoup moun ki pa idantifye kite katye jeneral Christian Aid Ministries nan Titanyen o No Potoprens pou yo pran chimen ayewopo Potoprens la, 16 Dec. 2021.

Tout misyonè Christian Aid Ministries gang te kenbe ann otaj ann Ayiti pati kite peyi a nan avyon e yo "anfom" apre peripesi yo te pase pandan 2 mwa.

Nan katye jeneral yo nan eta Ohio David Troyer, ki se direkte jeneral oganizasyon Christian Aid Ministries fè konnen nan yon deklrasyon "yo padone moun ki te kidnape yo misyonè yo".

Gang 400 Mawozo te fè dappiyanp sou 17 misyonè gwoup la dat 16 Oktob la. Dènye 12 otaj yo te jwenn liberasyon yo Jedi, apre gang lan te lage 3 lot misyonè nan semèn avan yo.

Detay ak sikonstans liberasyon yo, ak kesyon pou konnen si yo te peye yon ranson, pa piblik.

XS
SM
MD
LG