Accessibility links

Breaking News

Brian Nichols: "Etazini Pa Peye Ranson Pou Otaj" Pandan Kont Randi sou Rankont Ayiti a


Asistan Sekrete Deta pou Zafe Emisfe Oksidantal yo Brian Nichols pale pandan yon konferans de pres nan Anbasad Ameriken Potoprens, 1 Oct. 2021.
Asistan Sekrete Deta pou Zafe Emisfe Oksidantal yo Brian Nichols pale pandan yon konferans de pres nan Anbasad Ameriken Potoprens, 1 Oct. 2021.

Brian Nichols Sou-Sekretè dEta pou Zafè Emisfè Oksidantal yo dekri kom "pwodiktif" rankont vityèl ki dewoule jodia ant Etazini, patnè entenasyonal yo ak responsab Ayisyen sou sityasyon an nan peyi d'Ayiti.

Sekretè Nichols louvri konvèsasyon li ak jounalis yo apremidi a ak yon deklarasyon kote li eksprime kè kontan li deske misyonè gang 400 Mawozo te kidnape ann Ayiti yo lib epi sen e sof. Li prezante kondoleyans li tou bay moun Okap ki te viktim eksplozyon kamyon gaz la..

Objektif rankont la

Nan kont randi li ba nou sou rankont sou Ayiti a, Nichols di diskisyon an te santre sou sekirite, politik, ak asistans ekonomik. Li di objektif rankont la sete pou chache mwayen "tanjib" yo ka sèvi pou fè fas ak defi Ayiti ap goumen pou leve nan 3 domèn sa yo.

Nichols deklare "Mwen ta renmen remèsye patisipan yo pou diskisyon pwofon ak rich ki dewoule jodia. Mwen atann mwen aske nou kontinye travay nou nan lavni pou ede Ayiti leve seri defi li yo". "Pou atenn objektif sa a, mwen pral travay ak ekip mwen pou tabli yon gwoup kowodinasyon entènasyonal de travay pou ke nou tout aliye nan asistans nou pou ede Ayiti elimine obstak ki rete yo."

Ensekirite

Sekretè Nichols di Etazini ogmante pa $15 milyon asistans lap bay Polis Nasyonal Ayisyen an, PNH. Asistans sa a gen ladann fòmasyon ak ekipman. Depi ane 2010, Etazini bay Ayiti $210 milyon pou rann PNH la pi pwofesyonèl.

Nan $15 milyon siplemantè yo, gen $12 milyon ki prale pou "ranfòse kapasite PNH la pou'l Kontre kare gang yo". Plan an se pou kore gwoup kominotè kap reziste gang yo, voye ekspè sou jefò anti-gang ann Ayiti, epi apiye PNH la atravè yon inite espesyal anti-gang.

Jounalis Ameriken yo soulve ke jiskaprezan plizyè peyi bay Ayiti asistans pou polis nasyonal la ka bay bon rezilta. Kisak diferan fwa sa a? Poukisa li kwè asistans adisyonel sa a pral chanje sityasyon an?

"Malerezman, anba gouvenman Moise la, nou te konstate envestisman nou te fè nan lapolis pat gen sipò pwopis," Nichols reponn. Li ajoute ke "finansman gouvènman Ayisyen pou bagay tankou salè yo pat janm rive jwen lapolis la"

Sekretè a di fwa sa a gen nouvo patnè entenasyonal kap patisipe nan jefò a.

"Pa egzanp Japon ap kontribye $3 milyon pou lapolis, ladann gen konstwi kay ak lot enstalasyon pou Polis Nasyonal Ayisyen an e mwen kwè sa se yon bagay ki diferan. Reyalite a se ke kelkeswa envestisman you fè presizeman pou Polis Nasyonal Ayisyen an, fok li akonpaye pa pwogrè nan domèn gouvènans, transparans ak jefò anti-kowipsyon".

Misye di pwoblem sekrite a ann Ayiti, se yon pwoblèm lapolis li ye.

Twoup Ameriken ann Ayiti?

Lè jounalis yo mande'l si Etazini gen entansyon voye twoup ann Ayiti pou regle sityasyon sekirite a, Nichols reponn:

"Mwen kwè majorite a dakò ke sityasyon ensekirite a ann Ayiti se yon defi ki gen rapò ak lapolis, se pa yon defi militè."

Sekretè a di nou yap eseye detemine ki kalite asistans ki ka ede. Yo pa jwenn yon repons pandan rankont vandredi a, men yo antann yo pou reflechi sou sa, e rankontre ankrapò nan lavni pou diskite sou ide yo.

Ranson pou otaj yo?

Bwi ap sikile ann Ayiti pou di kom kwa yo ta peye gang 400 Mawozo yon ranson pou lage otaj yo. Eske se vre, VOA Kreyol mande Sekrete Nichols?

"gouvènman Ameriken an pa peye ranson pou otaj," Nichols reponn.

VOA Kreyol mande tou si Etazini pral pousuiv ravisè yo epi ekstrade yo pou fe fas ak la jistis Ozetazini?

"Se FBI (Biwo Federal Envestigasyon Etazini an) ki pran devan pa rapò ak nenpot ankèt sou aktivite kriminel ki gen rapò ak Etazini, kidonk mwen refere'w a (FBI) pou konnen stati ankèt la, ak plan yo ta genyen sou kestyon sa a".

Sityasyon Politik la, Eleksyon

Nan tan lontan, kominote entenasyonal la te eksprime fristrasyon li fas ak sityasyon politik la ann Ayiti. Eske Depatman d'Eta kwè sityasyon aktyèl la ka kontinye endefiniman?

"Mwen pa kwè sityasyon an ak ka kontinye endefiniman," Nichols reponn. Li fè remak gen plizyè gwoup Ayisyen kap travay sou yon solisyon.

" Prensipal konstalasyon politik yo, Gwoup Montana ak Akò 11 Septanm Premye Minis Ariel Henry a, yo tou lè 2 diskite sou nominasyon manm konsey elektoral pwovizwa nan plan yo prezante, e nou ankouraje tou lè 2 pou yo kole tet ansan pou jere pwosesis la," Nichols di.

"Pou noumenm, pasyans esansyèl," li ajoute. Misye di Etazini ap chache yon solisyon ki dirab.

Asasina Prezidan Moise

Jounalis yo mansyone atik ki paret nan jounal New York Times la ki di pa gen pwogrè ki fet sou dosye asasina Prezidan Jovenel Moise la. Atik la soulve tou kesyon kowipsyon ki egziste nan mitan lapolis ak gouvenman an ki lakoz sa,

"Akizasyon kont Ariel Henry yo, ke li demanti, se yon bagay nou o kouran de li. Men m'ta renmen fè remak ke gen plizyè lòt aktè politik ann ayiti ki swadizan gen koneksyon ak gang yo ap gwoup ame yo ann Ayiti. Gen anpil kè sote nan divès sekte pa rapò ak kiyès ki gen lyen ak kiyès pami politisyen ak biznisman Ayisyen yo. Se yon anviwonman ki mangonmen," Nichols deklare.

Sekretè a di Etazini pran angajman pou'l fè tout sa li kapab pou klere limyè sou sijè sa a. Men li ajoute ke Ameriken limite pa rapò ak sa li ka fè legalman nan peyi a paske se PNH kap jere dosye sa a.

"Nou dwe pep Ayisyen an sa, pou'n mennen moun ki responsab pou asasina Prezidan Moise yo devan la jistis. E mwen gen konfyans sa pral fet," Nichols di.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG