Accessibility links

Breaking News

Claude Joseph: 'Pa Gen Okenn Volonte Politik Pou Arete Moun Koupab yo'


claude Joseph
claude Joseph

Ansyen Minis Afè Etranje Ayisyen Claude Joseph, te reponn envitasyon Jij Garry Orelien ki ap mennen ankèt sou asasina ansyen chèf leta Jovenel Moise. Sepandan, jij la pat rive tande ansyen minis la.

Ansyen Minis Afè Etranjè e ansyen premye minis sou administrasyon Jovenel Moïse la, Claude Joseph kritike gouvènman Ariel Henry an ki dapre li « pa gen oken volonte politik pou arete moun ki koupab yo ».

Ansyen chanselye ayisyen an fè deklarasyon sa a nan moman li te ale pou reponn envitasyon jij Garry Orelien nan kad ankèt sou asasinay Prezidan Moise la. Nan deklarasyon Misye Joseph fè apre l te kite kabinè enstriksyon an, li di fòk jij la tande tou, moun ki gen plent kont yo ak sila yo ki gen dwèt lonje sou yo nan revelasyon ki fèt nan dènye atik jounal New York Times pibliye sou dosye sa a. Dr Claude Joseph presize li rete ala dispozisyon la jistis byenke seyans madi 14 desanm 2021 an pat reyisi dewoule.

VOA Kreyol mande reyaksyon Primature la sou akizasyon Joseph lanse yo. Nou pa jwenn repons.

Nap raple jounal New York Times te fè revelasyon tou nèf sou asasina Prezidan Jovenel Moise.

Dapre yon atik ki parèt nan New York Times dimanch 12 desanm 2021 an, Prezidan Jovenel Moise mouri asasinen akoz li te prèt pou remèt DEA (Ajans Anti-Dwog Etazini an) yon dokiman ki te idantifye plizyè politisyen ak biznisman ayisyen ki ta enplike nan trafik dwòg.

Plizyè ansyen militè etranje te mete ak 2 sitwayen ameriken dorijin ayisyèn, avèk konplisite plizyè sitwayen ayisyen, pou asasinen Prezidan Moïse lakay li nan Pelerin, nan nwit madi 6 jiyè pou leve mèkredi 7 jiyè 2021.

Lajistis an Ayiti arete plizyè sispèk kle nan dosye sa a, tandiske gen arestasyon ki fèt tou aletranje.

Otorite nan peyi Latiki te arete Samir Handal nan dat 16 novanm 2021 sou akizasyon dèske li ta gen arevwa ak asasina a. Se sou yon avi rechèch Interpòl arestasyon Handal la te fèt. Depi kèk jou deja misye kòmanse yon tou prizon 40 jou nan Istanboul sou òdonans Ministè Jistis peyi Latiki.

Apre arestasyon li, Polis Nasyonal Ayisyen an te fè konnen li tapral voye 3 ajan polisye nan Latiki pou ranmase Handal epi mennen'l tounen Ayiti.

Sandra Lemaire kontribye a reportaj sa a

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG