Accessibility links

Breaking News

Venezuela: Prezidan Nicolas Maduro di Li Pare pou l Fè Eleksyon Palmantè Anvan-Lè epi Rankontre ak Opozisyon an


A firefighter tries to extinguish the flames from a wildfire near the town of Megara, west of Athens, Greece.
A firefighter tries to extinguish the flames from a wildfire near the town of Megara, west of Athens, Greece.


Prezidan Venezuela a, Nicolas Maduro, fè konnen li pare pou fè chita-pale ak opozisyon nasyon amerik di sid-la pou pwòp byen peyi lap dirije-a, epi pou l òrganize eleksyon palmantè anvan-lè. Mesye Maduro fè pwopozisyon sa a jodi mèkredi a pandan yon entèviou ak ajans nouvèl riss RIA, kote li ajoute pral genyen yon nouvo eleksyon prezidansyèl nan Venezyela vè ane 2025.

Konsa li rejte demand lidè opozisyon Juan Guaido kap reklame depa li nan palè prezidansyèl Miraflores Karakas la. Sou bò pa'l , Juan Guaido te deklare tèt li prezidan apre palman opozisyon-an kontwole te fè konprann lidèchip Maduro a ilejitim. Juan Guaido, se prezidean oto-pwoklame Venezuela:

" Si jodi-a yon move bagay ta rivem, moun yo konnen kisa pou yo fè, gen yon apèl pou pèp-la pwoteste samdi kap vinn la-a. Nan asanble nasyonal, nou trase yon chemen klè pou nou asime responsablite konstitusyon-an banou, pou nou mete fen nan izipasyon pouvwa sa-a, yon fason eleksyon lib kapab dewoule nan peyu-a"

Mesye Guaido fè deklarasyon sa a apre Washington finn enpoze sanksyon sou konapayi petwòl Venezuela PDVSA.

XS
SM
MD
LG