Accessibility links

Breaking News

Prezidan Pwovizwa Venezuela a, Juan Guaido, Vle Enspire Konfyans nan Avni Peyi a


Prezidan Pwovizwa Venezuela a, Juan Guaido, yon ti moman anvan li te bay konferans pou laprès sou sitiyasyon an nan peyi a.
Prezidan Pwovizwa Venezuela a, Juan Guaido, yon ti moman anvan li te bay konferans pou laprès sou sitiyasyon an nan peyi a.

O Venezuela, lidè opozisyon an e prezidan Asanble Nasyonal la, Juan Guaid, ki te pwoklame tèt li Prezidan Pwovizwa mèkredi 23 janvye 2019 la, bay nan mitan jounen vandredi a yon konferans pou laprès kote li fè deklarasyon sa yo, antwòt:

<<M ap di Venezuelyen ki aletranje yo: nou sonje nou, nou make nou anpil; nou tout ki ap demontre talan nou tout kote nan lenmond, mwen ta renmen di nou: “Pare nou pou nou retounen nan peyi nou.”>>

“Frè ak sè m yo,

Venezuelyen, Venezuelyèn,

Eske nou kapab? Eske nou si e seten nou kapab?>>

Aprè foul la te fin reponn: “Wi, nou kapab…” Misye Juan Guaido te ajoute:

“Souri ki sou vizaj nou la se yon siyn ki montre konfyans nou genyen deske, yon jou anvan lontan, nou menm Venezuelyen, nou va gen kè-kontan ankò, nou va sant nou ere anko nan peyi sa a.”

Sete kèk ekstrè nan yon konferans pou laprès prezidan pwovizwa peyi a, prezidan Asanble Nasyonal la, Juan Guaido, bay nan fin mitine jounen vandredi 25 janvye 2019 la.

XS
SM
MD
LG