Accessibility links

Breaking News

Venezuela: Prezidan Nicolas Maduro Di Li Pare Pou l Fè Chita-Pale ak Opozisyon an


Prezidan Venezuela a, Nicpolas Maduro.AP/ Ariana Cubilos
Prezidan Venezuela a, Nicpolas Maduro.AP/ Ariana Cubilos

Prezidan Venezuela a, Nicolas Maduro, lage sou do prezidan Etazini an, Donald Trump, responsablite pou zak vyolans kap fèt nan peyi li a apre Washington finn enpoze sanksyon sou konpayi petwòl leta vnezuelyen an, PDVSA.

Sanksyon sa yo vize jele lajan ak byen sosyete petwolyè nasyon amerik di sid la posede sou teritwa ameriken an. Anmèmtan tou, Etazini mete entèdiksyon pou pou konpayi ak sitwayen ameriken pa fè okenn biznis ak PDVSA.

Prezidan Nicolas Maduro lanse kèk pawòl piman bouk kont lidè Etazini an padan yon diskou li pwononse nan televizyon yè lendi a. Li akize mesye Trump tou deske lap eseye chanje rejim venezuelyen an, kote lap mete presyon sou li pou'l sede pouvwa bay opozisyon Etazini ap apiye a nan peyu amerik di sid ki chaje ak petwòl. Mesye Maduro:

" Mwen pare, kit se nan Venezuela, Trinidad ak Tobago, ou nenpòt kote yo ta chwazi a pou'm kòmanse fè chita-pale, dyalòg ou negosyasyon ak tout opozisyon venezuelyen, kèlkeswa, kote, kèlkeswa lè oubyen fason yo vle fè l la."

Semèn pase a, chèf deta Venezuela a te di lap koupe relasyon diplomatik ak Etazini akoz anons prezidan Donald Trump te fè pou di Washington rekonèt ofisyèlman prezidan asanble nasyonal peyi li a, Juan Guaido, kòm lidè pwovizwa nasyon sid-amerikèn nan.

XS
SM
MD
LG