Accessibility links

Breaking News

Siri: Kofi Annan Di Zak Kraze Zo Gouvènman an ap Kontinye


Anvwaye espesyal l’ONU ak Lig Arab la pou peyi Siri, Kofi Annan, fè konnen lame siryèn nan sanble ap miltipliye arestasyon pa bann e pa pakèt epi zak kraze zo l ap komèt nan mitan kominote ki leve kanpe kont gouvènman prezidan Bashar al-Assad la kontinye.

Daprè kèk sous diplomatik, Misye Annan pale konsa nan yon rapò pa videyo li mete devan Konsèy Sekirite òganizasyon mondyal la, pandan li te nan vil Jenèv, nan peyi Laswis. Aprè sa, nan yon rankont ak laprès, misye Annan di Nasyon Zini pa kapab kite Siri tonbe nan gè sivil.

Anvwaye l’ONU ak Lig Arab la di:

”Mwen fè manm konsèy la konnen tou ke misyon sipèvizyon l’ONU an se petèt dènye chans ki rete pou estabilize peyi Siri e mwen si e sèten mwen pap revele yon sekrè si mwen di nou, si anyen pa fèt, genyen yon gwo kè-sote pou peyi a tonbe nan lagè sivil. Se yon bagay ki kapab genyen gwo konsekans; nou pa kapab kite sa rive."

N ap raple ke yon misyon l’ONU ki pa gen zam, twouve li nan peyi a pou wè si gouvènman an ak rebèl yo ap aplike yon seselfe yo te dakò pou yo mete an aplikasyon depi dat 12 avril pase a.
XS
SM
MD
LG