Accessibility links

Breaking News

Siri: 4 Sivil Mouri Vandredi 4 Me 2012 la


Militan dwamoun yo fè konnen fòs gouvènmantal yo touye 4 sivil vandredi 4 me a nan Siri, nan moman pòtpawòl anvwaye espesyal l’ONU ak Lig Arab la, Kofi Annan, deklare plan lapè gouvènman Damas la te aksepte a twouve li sou yon bon chemen malgre zak volansyo ap kontinye.

Obsèvatwa Siryen pou Dwamoun nan –ki baze nan vil Lond ann Angletè- fè konnen sòlda yo ouvè koutzam sou yon machin ki tap sikile nan vil Hama kote yo touye 3 moun.

Gwoup la kontinye pou l di militè yo touye tou anba bal yon 4èm moun nan yon rejyon ki tou prè vil Homs.
XS
SM
MD
LG