Accessibility links

Breaking News

Konsekans Prentan Arab la sou Libète Laprès nan kèk Peyi nan Mwayen Oryan an


Nasyonzini mete ak gwoup k ap fè respekte dwa jounalis yo e kap make jounen mondyal laprès jedi 3 me 2012 la, pou di Prentan Arab la yon jan lache kontwòl kèk gouvènman te genyen sou medya yo, men plizyè peyi kontinye itilize yon seri taktik pou yo anpeche laprès fè travay li nòmalman.

Nan yon deklarasyon Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, ak lidè L’UNESCO a, Irina Bokova, fè parèt ansanm, yo di chanjman ki fèt nan mond arab la "montre ki puisans ak ki fòs aspirasyon moun pou yo egzèse dwa yo kapab genyen, lè yo konbine nouvo tip medya yo ak ansyen fason moun te konn itilize pou yo fè enfòmasyon sikile."

La a, Misye Ban ak Madam Bokova ap pale de melanj medya sosyal yo, tankou Facebook ak Twitter, ak ansyen fòm medya yo, tankou radyo ak televizyon.

Yon gwoup k ap defann dwamoun, Freedom House, di Mwayen Oryan an ak Afrik di Nò fè kèk eksperyans dramatik nan domèn libète laprès pandan 12 mwa ki pase yo. Gwoup la site peui tankou Ejipt, Libi ak Tinisi kote pèp la ranpòte kèk viktwa enpotan kòm rezilta Prentan Arab la.

Sepandan Freedom House di Bahrain ak Siri lanse operasyon sere-boulon sevè nan kad efò gouvènman 2 peyi sa yo ap fè pou kraze mouvman leve-kanpe popilè yo.

Bò kote pa l, Repotè San Fwontyè make jounen mondyal laprès la avèk kondanasyon sa li konsidere kòm « yon vitès siperyè » moun konstate nan atak kap fèt sou jounalis plizyè kote atravè lemond.

Gwoup la di 21 jounalis deja mouri ansasinen depi ane 2012 la kòmanse.
XS
SM
MD
LG