Accessibility links

Breaking News

Siri-Vyolans: 4 Moun Mouri nan Inivèsite Vil Aleppo


Militan siryen yo fè konnen fòs gouvènmantal yo fè yon desant-de-lye nan dòtwa yon inivèsite kote yo touye 4 moun pou pi piti aprè yon mouvman pwotestasyon te dewoule nan vil Aleppo, nan moman obsèvatè l’ONU yo rekòmanse fè efò pou yo evalye yon seselfe ki poko ka byen mòde.

Gwoup dwa moun ak militan yo, ki t ap abòde sitiyasyon an jedi 3 me 2012 la, pale pou di sòlda yo itilize gaz lakrimojèn ak bon jan bal nan operasyon sa a ki dewoule nannuit mèkredi pou leve jedi maten nan inivèsite vil Aleppo a.
XS
SM
MD
LG