Accessibility links

Breaking News

Vyolans nan Siri: 23 Moun Mouri Madi Premye Me 2012 la


Nan Siri, militan yo fè konnen vyolans ki dewoule atravè peyi a touye omwen 23 moun. Obsèvatwa siryen pou Dwa moun nan ki baze nan vil Lond, ann Angletè, di lese-frape ki fèt ant twoup gouvènmantal ak konbatan rebèl nan pwovens Deir Ezzor, koze lanmò 12 sòlda, tandiske gen yon sivil ki tonbe tou.

Nan pati nòdwès peyi a, militan yo di yon eksplozyon bonm ki fèt nan pwovens Idlib touye 10 moun –pami yo genyen 9 manm yon sèl e menm fanmi.

Daprè obsèvatwa a toujou, 2 pou pi piti nan moun ki mouri nan vyolans ki dewoule madi a se timoun. Gwoup la lonje dwèt sou lame siryèn kòmkwa se li ki responsab atak ki fèt sou sivil yo.
XS
SM
MD
LG