Accessibility links

Breaking News

Lachin di Disidan Chen Guangchen Lib pou l Kite Peyi a


Nan Lachin, otorite yo fè konnen militan Chen Guangchen –ki se yon avoka avèg—gen tout libète pou l ranpli papye pou wè si li ka al etidye aletranje. Se yon siyn ki montre gen posiblite pou yon mezantant diplomatik ki te pete ant Lèzetazini ak Lachin --aprè misye Chen te kite kay kote l te an rezidans siveye epi li t al pran refij nan anbasad amerikèn nan nan Peken-- eben, se yon siyn ki fè wè mezantant sa a kapab jwenn yon solisyon.

Anons la parèt vandredi 4 me 2012 la aprè Chen Guangcehn te lanse yon seri apèl chaje ak emosyon pou l di li genyen kè-sote pou sekirite pèsonèl li, epi li ta renmen al pase yon tan o Zetazini.

Anvan sa, misye Chen te patisipe an dirèk pa telefòn, jedi 3 me 2012 la, nan yon sesyon depozisyon ki tap dewoule nan Kongrè ameriken an ; misye te di li espere rankontre ak Sekretè Deta Hillary Clinton ki twouve l nan Peken kote l ap patisipe nan rankont ki dewoule chak ane ant ofisyèl Lèzetazini ak Lachin.

Sepandan, kèk analis panse Lèzetazini ta dwe gen dout sou bòn volonte ak senserite gouvènman chinwa a pou sa ki gen rapò ak sekirite misye Chen. Phelim Kline se yon espesyalis nan kesyon dwa moun kap travay nan domèn nan pou òganizasyon Human rights Watch. Li pale ak Lavwadlamerik pou li di l ap rete tann pou l wè si vrèmanvre Lachinn pral respekte pwomès li fè pou l garanti sekirite disidan an.

Misye Kline deklare :
"Lè nou konsidere dosye fewòs Lachin pou sa ki konsènen dwa Chen Guangchen ak tout manm fanmi li, nou konnen se fasil pou gouvènman chinwa a fè bèl pwomès; li pa gen pwoblèm pou sa. Men sa ki nessè, se aksyon tanjib, aksyon nou ka verifye, aksyon klè"

Prezidan chinwa a, Hu Jintao, ki pran lapawòl vandredi a nan rankont kap dewoule Peken yo, fè konnen li gen asirans ke Lèzetazini pran angajman pou l chache elimine mezantant ki egziste antre 2 peyi yo tout kote sa nesesè; e li ajoute nan moman nou ye jounen Jodi a, Lèzetazini ak Lachin genyen relasyon yo pat janm genyen anvan, lè moun konsidere bon kalite relasyon sa yo.
XS
SM
MD
LG