Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon ki fèt Chak Ane ant Lachin ak Lèzetazini ap Kòmanse Jedi nan Peken


Sekretè-deta ameriken an, Hillary Clinton, twouve l nan Peken kote li pral patisipe nan rankont ki fèt chak ane ant otorite Lèzetazini ak Lachin. Sepandan, sitiyasyon yon disidan chinwa ki ta swadizan anba pwoteksyon anbasad Lèzetazini nan Peken, ap eklipse enpòtans rankont sa a.

Non disidan chinwa an se Chen Guangchen. Aprè chèf diplomasi amerikèn nan te fin debake nan kapital Lachin nan mèkredi, yo mennen li dirèkteman nan otèl li. Okenn otorite ameriken –pa menm Madam Clinton- poko pale dirèkteman sou dosye Chen nan.

Semèn pase a, Misye Chen te sove kite kay li kote li te an rezidans siveye e nouvèl fè konnen misye te kouri lage kò l nan anbasad amerikèn nan nan Peken. Sepandan Sekretè deta Clinton pale pou l di negosyatè ameriken yo pral soulve kesyon dwamoun nan nan rankont yo ak ofisyèl chinwa yo –rankont ki pral kòmanse jedi 3 me 2012 la.

Laprès chinwaz deminye enpòtans afè Chen nan; yo fè konnen sa pa pral genyen okenn konsekans sou relasyon ant Peken ak Washington. Madam Clinton fè deplasman an ansanm avèk minis finans ameriken an, Timothy Geithner, pou yo pale de divès kesyon –pami yo genyen echanj komèsyal ak kesyon monnen nasyonal.
XS
SM
MD
LG