Sekretè-deta ameriken-an, Hillary Clinton lanse apèl bay otorite chinwa-yo pou l mande yo pwoteje dwamoun. Chèf diplomasi amerikèn nan twouve l nan Peken kote l ap patisipe nan rankont ki fèt chak ane ant otorite Lèzetazini ak Lachin; ekla rankont sa yo eklipse devan zafè yon disidan chinwa kap chache pwoteksyon Lèzetazini. Non misye se Chen Guangchen.
Nan kòmansman chita-tande yo, ni Madam Clinton, ni Prezidan chinwa a, Hu Jintao, pa pale espesifikman de misye Chen, yon nèg avèg ki te sove kite kay li kote li te an rezidans siveye, epi l al pase 6 jou nan anbasad amerikèn nan nan Peken. Nan ouvèti rankont yo, Mafam Clinton di:
“Kounyela a, natirèlman, kòm yon pati nan dyalòg nou an, Lèzetazini ap soulve kesyon enpòtans dwamoun ak libète fondamantal yo, paske nou kwè tout gouvènman fèt pou satisfè aspirasyon lejitim sitwayen li yo, aspirasyon pou plis diyite ak pou yon eta-de-dwa, paske nou kwè tou pa gen yon peyi ki kapab, ni ki ta dwe refize kite pèp li jwi dwa sa yo.”
Pou reponn deklarasyon Sekretè Deta Clinton yo, Konseye Deta chinwa, Dai Binguo, pale pou l di aspè ki pi enpòtan nan relasyon ant 2 peyi yo, se le fèt ke youn respekte souverènte nasyonal lòt la. Bò kote pa l, Prezidan Chinwa a, Hu Jintao --ki fè yon parèt tou kout e san zatann nan konferans bilateral la-- deklare 2 peyi yo bezwen travay pou yo ogmante konfyans youn genyen nan lòt.
Misye Hu di:
“Chakenn nan 2 peyi yo dwe aprann respekte lòt la; yo dwe chache teren dantant epi agrandi enterè komen yo; yo dwe chache mwayen apwopriye pou yo rezoud diferans ki egzisite antre yo ; yo youn dwe respekte preokipasyon lòt la, chache konprann kè-sote li epi jwenn mwayen ki apwopriye pou rezoud mezantant aktyèl yo ; fòk solisyon sa yo pase pa dyalòg ak kominikasyon ; nou dwe chache yon ranfòsman bòn konpreyansyon ki egziste antre nou pou nou anpeche mezantant sa yo genyen move konsekans sou bon relasyon ant Lachin avèk Lèzetazini. “
Pou sa ki gen rapò ak dosye militan dwamoun Chen Guangchen nan, nap di misye se yon avoka ki avèg depi li te piti. An 2006, Leta chinwa te bay li yon santans 6 zan prizon poutèt li te denonse politik ofisyèl ki fòse medam chinwaz yo fè avòtman pou gouvènman an kapab kontwole popilasyon an.
Li te an rezidans siveye sòti nan ane 2010 pou rive nan dat 22 avril pase a kote li t al pran refij nan anbasad amerikèn nan nan Peken. Li kite misyon diplomatik la mèkredi 2 me 2012 la aprè Lèzetazini te resevwa pwomès ofisyèl nan men Peken pou yo pa pèsekite ni li menm ni manm fanmi li. Men kèk èdtan apre, li fè laprès konnen fanmi li resevwa menas e li ta renmen wè Lèzetazini ede l kite Lachin.