Accessibility links

Breaking News

Washington Voye yon gwo Diplomat nan Peken pou Eseye Rezoud yon Kriz Diplomatik


Gouvènman ameriken an voye yon diplomat wo plase nan vil Peken, kapital Lachin, nan moman Washington ap eseye kontwole yon kriz diplomatik ki pete depi yon militan avèg te sove kite kay li, kote li te an rezidans siveye, epi nouvèl gaye pou di misye twouve l anba pwoteksyon Lèzetazini –kòmkwa li ta pran azil nan anbasad amerikèn nan nan Peken.

Non disidan sa a se Chen Guangchen. Diplomat Lèzetazini voye a se Kurt Campbell, yon asistan sekretè deta ameriken. Li debake byen bonè dimanch 29 avril la nan kapital Lachin nan kote li genyen pou l fè chita-tande ak otorite yo sou dosye misye Chen nan.
XS
SM
MD
LG