Accessibility links

Breaking News

Rankont Entènasyonal nan vil Pari sou Kriz Peyi Siri a


Delege yon afè de 100 peyi, mete sou 100 reprezantan opozisyon an nan Siri, reyini andredi nan vil Pari, kapital Lafrans, pou “rankont zanmi Siri yo”, yon konferans kèk puisans mondyal mete sou pye.

Òganizatè yo apiye lide pou Prezidan Bashar al-Assad kite pouvwa a. Sepandan Larisi ak Lachin -2 pi gwo zanmi gouvènman siryen an- pap patisipe nan rankont la. Prezidan fransè a, Francois Holand, ouvè konferans la ak yon apèl li lanse pou l mande apui pou yon plan lapè anvwaye espesyal l’ONU/Lig Arab la, Kofi Annan, te prepare e pwopoze.

Pandansetan, zak vyolans yo ap kontinye sou teren an nan Siri. Se konsa militan k ap opere nan Homs, yon vil goumen fin ravaje, te fè konnen jedi lame vide kèk gwo kout zam lou sou vil la.

A la tèt misyon obsèvasyon l’ONU an, majò-jeneral Robert Mood, pale ak laprès nan menm jounen jedi a pou l di zak vyolans yo rive nan yon nivo ki pa akseptab. Majò-jeneral Mood deklare:

“ Genyen anpil rankont ki fèt ; genyen anpil deklarasyon ki fèt ; genyen 2 rezolisyon Konsèy Sekirite a, genyen yon plan an 6 pwen epi kounyela a gen kominike Jenèv la.
Ebyen, tout bèl pawòl sou papye sa yo pa pral pote okenn chanjman sou teren an, si sila yo ki genyen dwèt yo sou gachèt la pa vle chanjman fèt."

Lidè plizyè peyi oksidantal fè konnen yon antant sou yon tranzisyon politik nan Siri pa dwe kite okenn plas pou Prezidan al-Assad nan direksyon zafè peyi a. Larisi ak Lachin pa dakò ak lide sa a.
XS
SM
MD
LG