Accessibility links

Breaking News

Tiki Jwenn Kadav 2 Pilòt ki te Abò Avyon Lame Siryèn te Desann Mwa Pase a


Lame peyi Tiki fè konnen li rive jwenn, anba Lanmè Meditèrane a, kadav tou lè 2 pilòt ki te abò yon avyon chasè F-4 fòs militè peyi Siri te desann mwa pase a.

Lame Latiki fè dekouvèt sa a nan moman zak vyolans ap kontinye nan peyi Siri. Relasyon ant 2 kapital yo (Ankara ak Damas) te kòmanse deteryore e yo kontinye agrave depi Siri te desann yon aparèy rekonesans tik nan dat 22 jen pase a.

Ankara lanse avètisman pou l di li pral reponn kòmsadwa e repons li a ap dyanm.
XS
SM
MD
LG