Accessibility links

Breaking News

Lejip Pral Genyen yon Nouvo Prezidan: Mohammed Morsi


Nan Lejip, komisyon elektoral la deklare islamis Mohammed Morsi -- kandida Pati Fratènite Mizilman an -- ranpòte premye eleksyon prezidansyèl lib ki dewoule nan peyi a. Misye Morsi pwomèt pou l travay pou inite nasyonal epi respekte angajman entènasyonal gouvènman pase yo.

Vrèman vre, nan premye diskou lidè Pati Fratènite Muzulman an fè kòm prezidan eli, dimanch 25 jen 2012 la, li pwomèt pou l travay pou sa li rele “enklizyon” sètadi, avèk li menm tout moun pral gen plas yo bò tab la.

Pou anpil obsèvatè, yon deklarasyon konsa pa sanble ditou avèk tèm li te devlope nan diskou li fè nan yon kanpay ki te plis ka lage divizyon pami ejipsyon yo --yon kanpay ki, kanmèm, pèmèt li ranpòte lavikwa sou kandida ki te gen apui klas politik tradisyonèl la, ansyen premye minis Ahmed Shafik.

Prezidan eli ejipsyen an, Mohammed Morsi, deklare:
“Nou pral respekte akò nou yo ak dwa entènasyonal, menm jan n ap respekte angajman ak trete Lejip te siyen ak rès mond la. Nou pral travay pou n konsolide prensip ki defini karaktè ejipsyen yo ak idantite sivil yo, menm jan nou pral defann prensip dwamoun yo, tankou libète lapawòl, respè dwa fanm yo, dwa lafanmi ak dwa timoun yo, epi nou pral elimine tout kalte diskriminasyon.”

Misye Morsi lanse apèl bay tout sitwayen ejipsyen –kit yo mizilman, kit yo kretyen- pou l mande yo fè inyon; paske, daprè li, se sèl fason pou yo depase peryòd difisil ki te vini aprè dechoukaj Prezidan Hosni Mubarak ki pase preske 30 tan sou pouvwa a.

Komisyon Elektoral la deklare Mohammed Morsi venkè eleksyon prezidansyèl ki te dewoule mwa pase a avèk preske 52 pousan vwa yo.
XS
SM
MD
LG