Accessibility links

Breaking News

Ejip-Eleksyon: “Fratènite Mizilman» Kriye Viktwa


Ann Ejip, lidè islamis Mohammed Morsi kriye viktwa nan premye eleksyon prezidansyèl ki dewoule nan peyi a aprè revolisyon an; men advèsè l la, Ahmed Shafiq, ki te yon manm ansyen rejim nan, lage dout sou viktwa sa a. Mouvman “Fratènite Mizilman an“, ki gen Misye Morsi nan tèt li, di rezilta ki pa ofisyèl montre li genyen 52% vwa yo nan 2èm tou eleksyon an ki fini dimanch 17 jen 2012 la, tandiske Misye Shafiq, li mènm, ranpòte 48%.

Nan yon diskou Misye Morsi fè nan katye jeneral kanpay li a dimanch, li deklare li pral sèvi kòm yon lidè pou tout ejipsyen --kit yo se mizilman, kit yo se kretyen-- e li pwomèt li pa pral chache pran revanj ni regle kont avèk advèsè gwoup islamik yo. N ap site Misye Morsi:

“Mwen salye tout ejipsyen e mwen promèt pou m aji tankou yon frè, tankou yon papa pou yo e tankou youn nan yo. Nou genyen menm pwoblèm ak mènm kèsote e map travay pou m sèvi tout moun.”

Pwòch kolabortè Ahmed Shafiq yo fè konnen yo etone anpil aprè anons Pati Fratènite Mizilman an fè pou di se li ki ranpòte laviktwa; li akize mesye islamis yo dèske yo kidnape pwosesis elektoral la lè yo refize tann rezilta ofisyèl komisyon elektoral la ki pap pare pazavan jedi semen sa a. Mahmoud Farrag se kowodonatè kanpay Misye Shafiq la.

Li pale pou l di:
"Nou pa prese pou n anonse okenn rezilta, paske sèl otorite ki gen dwa anonse rezilta se ofisyèl wo-plase nan komisyon elektoral la. Reyaksyon nou sou pawòl kap kouri pou di kòmkwa Fratènite Muzilman ranpòte laviktwa, sè ke li twò bonè pou moun pale de bagay konsa.”

Nan yon mouvman pou diminye pouvwa gayan evantyèl eleksyon an, jeneral k ap dirije Ejip yo te prese vit mete ann aplikasyon yon nouvo konstitisyon pwovizwa yon ti moman aprè biwodvòt yo te fèmen dimanch.

Yon konsèy militè ap dirije peyi a depi dechoukaj ansyen Prezidan Hosni Mubarak nan mwa Mas 2011; jeneral yo pwomèt pou yo remèt pouvwa a bay yon nouvo prezidan eli vè premye Jiyè k ap vini la a.
XS
SM
MD
LG