Accessibility links

Breaking News

Pwotestasyon Nan Ejip Kont yon Kandida a la Prezidans


Tansyon kontinye ap monte 17 wotè nan Ejipt, kote tribinal konstitisyonèl ejipsyen an apwouve patisipasyon ansyen premye minis rejim Hosni Mubarak la nan dezyèm tou eleksyon prezidansyèl ki pral dewoule nan peyi a nan wikenn k ap vinn la a.

Moun rasanble pa bann e pa pakèt devan tribinal konstitisyonèl la kote y ap chante slogan ki egzije dechoukaj rejim militè k ap dirije Ejipt jounen jodi a. Shafiq te rive andezyèm dèyè kandida frè mizilman, Mohammed Morsi, nan premye tou eleksyon prezidansyèl mwa me pase yo.

Sepandan, plizyè manm nan gwoup islamis ejipsyen an pa dakò ak lide pou Shafiq patisipe nan dezyèm tou skriten an akoz lyen li genyen ak ansyen rejim Prezidan Hosni Mubarak la.

Vèdik tribinal konstitisyonèl ejipsyen an prepare teren an pou dezyèm tou eleksyon prezidansyèl yo dewoule samdi ak dimanch k ap vinn la a. Lakou siprèm konstitisyonèl la te fè anpil deliberasyon sou yon lwa palman an te pase an avril pase, yon lwa ki elimine dwa politik anpil moun ki te okipe gwo pòs nan gouvènman prezidan Hosni Mubarak la.
XS
SM
MD
LG